Èske’w te konnen 40% timoun nan Florid konte sou Medicaid pou swen bouch yo.
Ou jwenn aksè ak sèvis yo pou pitit ou chak jou epi se poutèt sa ou kapab pote nouvo lide ak enfòmasyon premye men nan mamit nou, sa ki souvan esansyèl nan pwoblèm nan. Pou asire ke pwogram nan satisfè bezwen bouch timoun yo ak fanmi ki itilize li yo, responsab sante bouch yo dwe mete lide pa’w nan travay sante bouch. Eksperyans ou yo se pyès enpòtan nan devinèt la ki ka afekte pwosesis devlopman politik yo, konsepsyon pwogram ak livrezon sèvis, epi finalman avansman ekite sante oral ak transfòmasyon swen dantè.
Rapò rechèch ke Enstiti a fèk pibliye sou angajman pou konsomatè sèvis sante bouch yo mete a klè vwa paran yo ak moun k’ap okipe timoun ki enskri nan Medicaid yo, epi li bay yon kout je sou reyalite aktyèl sante oral timoun yo nan Florid.
Rapò a:
Pou arive gide epi ankouraje paran yo ak moun k’ap okipe timoun ki enskri nan Medicaid, Enstiti a te kreye yon twous defans pou pwòp tèt ou, nan efò yap fè pou promouvwa pi bon swen bouch nan Florid. Twous sa a gen pou’l ede’w pote vwa’w ak pouvwa’w nan diskisyon kritik sante bouch la o nivo òganizasyon, lokal ak Leta.
The Florida Dental Access Guide is a project of the The Florida Oral Health Alliance.
This website is managed by Florida Voices for Health, a coalition of community organizations, businesses, and individuals working to create a health care system that works for every Floridian.
Follow us: